Nan Latibonit...

Nou Se Granmoun.

Port-au-Prince: De Janvye

De Janvye

 

Mwen sonje

Te gin yon jou kon jodiya

Anpil moun an Ayiti

Te kanpe sou ran

Sou rout Nazon, Delmas

Yo te kanpe anba soley cho a

Yo tap tan limozn Jean Claude Duvalier ya

Yo te beswen we

Bel visaj

Michelle Bennette

E bel visaj

Simone Duvalier

 

Min, yo tout tap tan kob

Yo te tankou yon ban-n rara

Nan la ri ya

Le yo we limozn yo

Yo komanse bat min yo

 

Min Jean Claude tololo

Min Jean Claude tololo

 

Minm jen anko Jodiya

Yo we Jean Claude kap pase

figi-l byen poudre

Li mete minl nan yon gro sak

Epi li voye kob a te ya

Sak jwen 5 kob

Sak jwen 10 kob

Sak jwen yon goud

Sak minm lage ko yo

anba machi n

 

Sak mouri

Sak blese

Sak jwen yon jye pete

Epi zot yo

Ap bat min yo...

plap, plap...plap..

 

Min Jean Claude tololo

Min Jean Claude toloto....

 

Ebyen fre-mwen ak se mwen

Se te konsa bagay yo te ye...

Mwen te tou piti

Min mwen te toujou ap gade

 

Si Dye ve

Na we anko lot 2 Janvye.....

Min manman m ap rele m

 

M'ale.

 

©fania simon

www.lulu.com/faniasimon
Picture by Fortune Lauture

 

Create a free website at Webs.com