
Kafou Niel
Mwen chita nan Kafou Niel Desalin,
Map van n,
Dis kob poi kongo...
Min, vole vle pote m ale.
Mwen chita nan Kafou Niel Desalin,
Map van n,
De ti mamit ble
Min, vole vle pote m ale.
Jalouzi madan Sara yo,
Vle tounin m
Tankou yon poul mouri.
Ey! (map ri bien fo) Se pa nan latibonit la!
Kisa ki fe yo panse ke mwen pa gin mou n
Kap siveye m?
Adie, wooo!
Yo met bouyi fey kan n.
Yo met bouyi fey akazia.
Se we yap we map viv!
Map viv!
E mpap pedi anyen!
Copyright 2007 Fania simon
Title of Collection: My Ancestor's "Outdated," Creativity in Today's Creole Literature
All rights reserved.
Make a free website at Freewebs.com