Nan Latibonit...

Nou Se Granmoun.

Soley La:Sak Pal, Pal

Chak foi soley la ap briyé

Yo di fok yo 
Creye yon jan
Pou yo pran l

 

Jodi ya yo wete don-l nan san-l

Epi yo seche l

Tankou haran

Pou yal van n li

Nan maché

 

Anba anba...

Chak foi gro van yo ap souflé

Sé li wi yo ranje pou yo kricifyé

Pyé boi yo kap tranblé

Min m nou pa pe vré

 

Di mwen ki sa ki vre?

Epi di mwen ki sa ki pa vre?

Ou pa we se mot

Le mond ap manipilé?

 

Anba anba...

Yo te pansé-l faci-l

Pou yo détwi-l  

Adié pitit o...

Soley la met pa leve la

Min nou pap janm bliye...

 

Saki pal

Ap toujou pal

 

© fania simon
www.faniasimon.com
www.lulu.com/faniasimon

Make a free website at Freewebs.com