Soufle Banbou
Ki sa pou m ta bay
Pou nou ta ka retounin lakay
Sa tap yon bel bagay
Vini, vini!
Vi n we fanmi m, ak zanmi m
Se nan bon zantray wi nou soti
kote manman m ak papa m tojou gin povwa
Ala bel, se latibonit sa!
Lakay ginyin bon repo!
Le ti zouazo yo ap chante
Rivye souri ba yo
Epi dlo wa kouri jou kou lan nwit
Malgre soley lap briye,
La jwa w pap jan m seche.
Latibonit saa, si ou ta wel,
Ou tap bat sinbal,
Ou tap soufle banbou,
Ou tap graje graj,
Nan ti ke rara w.
©fania simon
www.lulu.com/faniasimon
Create a free website at Webs.com