
Travay La
Nan yon fore mwen tap mache
La pli tap tonbe
Li te fe byin cho
Mwen tap cheche yon ti kote
Anba tonel la
Pou mwen te kache
Tout kote mwen te pase
Mwen pat ka jwen n yon moun poum te konfye
Mwen pat ka jwen n sekirite
Lavalas sous emosyon m te fi n debode
Epi, yon jou kon jodiya
Bon Die vi n louvri de grin n jye m
Li montre m yon kokin chenn demon ki kanpe
Yo pa vle pou m viv nan la pe
Yo kache nan ke foret la vi ya
Yap planifye
Pou yo devore fwa m
Min bon Die tou pwisan te ouvri jyem
Mwen we yo kanpe fo tankou pwazon rat
Satan papa yo te fe yo panse
Ke, mwen te touche san mwen pat travay...
Ah, la bou la vi se bagay ki glise
Min bon Die pat kite m tonbe
Li te pran m
Epi li dirije m
Li ti di
"Poze, poze!
"Se mwen sel yo pakap manipile."
Li te di mwen
"Se mwen sel ki konn saki verite."
O rejwi ak syel la,
Te ya,
E la me ya!
Epi li pran tout pwoblem mwen yo nan fore ya
Epi li ban mwen la jwa
Li ogmante kouraj mwen
Poum kontinye fe travay la
Se sak fe mwen la jodiya
(c) fania simon
www.lulu.com/faniasimon
Make a free website at Freewebs.com